Dimanch LASENT FANMI – DIMANCH 26 DESANM 2021
1 Sam 1, 20-22 + 26-28; Sòm 84; 1 Jan 3, 1-2 + 21-24 ; Lik 2, 41-52
Monseyè Pierre André Pierre
Jodi a n ap fete fèt Lasent Fanmiy. Dimanch ki tonbe nan semenm ant Nwèl ak Premye Janvye se jou legliz selebre Lasent Fanmiy. Si Nwèl tonbe yon dimanch, Lasent Fanmiy ap fete jou vandredi 30 desanm. Bondye te prepare yon fanmi pou akeyi Jezi e se nan fanmi sa a, bò kote Mari ak Jozèf.
Pandan n ap gade krèch la, nou pa ka pa remake Jezi tibebe ki antoure ak yon manman ak yon papa. Labib la di nou tou : “Nan lakay yo, nan Nazaret, Jezi te grandi nan laj, nan sajès ak nan favè devan Bondye ak devan lezòm. Nan sen sa a nou tire kòm konklizyon, pa gen anyen tankou yon fanmi an sante pou kontribiye nan levasyon yon timoun. Mari ak Jozef kanpe kòm yon modèl eksepsyonèl pou fanmi yo. Se konsa, sa pa etonan si nou selebre jodi a fèt Lasent Fanmiy, apre nesans Jezi nan yon fanmiy.
Obsèvasyon sa a louvri je nou sou enpòtans estwòdine yon fanmi genyen nan devlopman yon timoun. Bondye te fè moun gason ak fi e li rele nou pou nou ini pou nou “miltipliye”. Sèks pa ta dwe yon jwèt nan plezi kout avèk patnè depasaj. Timoun ki fèt nan inyon yon gason ak yon fanm jwenn yon kad ki estab pou l grandi epi fleri fizikman, imènman ak espirityèlman.
Kilti modèn bezwen yon nouvo edikasyon sou sans sakre ki genyen nan sèks, respè pou lavi ak valè enpòtan ki gen nan yon maryaj byen konprann ak byen viv!
Ann kouri kite pretansyon renmen tankou epidemi an. Lanmou bon mache ki blayi tou patou. Tout tibebe ki fèk fèt gen dwa pou yo jwenn yon anviwonman familyal. Fanmi an se premye lekòl la. Ou menm ki kwè nan Jezi, travay pou respè ak pwoteksyon fanmi an. Fè tout sa ki posib pou prezève diyite ak siksè pwòp fanmi pa w. Nan lapriyè ou ak refleksyon ou, sonje Mari ak Jozèf nan krèch Bètleyèm nan. Epi pa bliye jan Jezi te grandi nan Nazarèt.
REFLECTIONS ON THE FEAST OF THE HOLY FAMILY (December 26th, 2021)
1 Sam 1, 20-22, 26-28; Psalm 84; I John 3, 1-2 +21-24; Luke 2, 41-52
Msgr. Pierre André Pierre
After praising God for the gift of Jesus on Christmas we are called today to marvel at the mystery of FAMILY. Jesus was born in a FAMILY. He was surrounded by a father and a mother and so we see him “growing in age, wisdom and favor before God and Man.” Nothing like a healthy family to affirm the character of children! Jesus, Mary and Joseph stand as an outstanding model for families.
During the synod of the Bishops in Rome in 2015, a great insistence was put precisely on the necessity to find new ways to uphold and encourage marriage. The Synod of the Bishops re-affirmed the sacredness of the union of man and woman and their vocation to bring forth children into the world. The Church is not naïve; she acknowledges the huge challenges to a good marriage in our modern society. For instance, there are the demands of the economic system that force both parents to go to work which in many ways gravely affects family life.
But the deepest problem is not so much the social system as it is the current values promulgated by the modern culture. To counteract that, the Church affirms that sexual interaction is a great and sacred mystery to be exercised between men and women bonded in a union that must be faithful and permanent. God’s children do not enter into such union frivolously but only after careful discernment. Let’s contemplate Joseph and Mary and pray to them that we may emulate their mutual love! Let’s not confuse the urge for pleasure with true love! Love is from God! God is LOVE! Marriage is based on LOVE! Through contemplation of the HOLY FAMILY let us discover the greatness and beauty of married life! Through prayer learn to love truly and then marry!
REFLEXIONS SUR LES LECTURES DE LA FÊTE DE LA SAINTE FAMILLE (26 Décembre 2021)
1 Sam 1, 20-22, 26-28 ; Ps 84 ; I Jean 3, 1-2 +21-24; Luc 2, 41-52
Mgr Pierre André Pierre
Au lendemain de NOEL, l’Eglise nous invite à célébrer la Sainte Famille. Cela est merveilleux et fait éclater nos cœurs en action de grâces.
En regardant la crèche de Bethlehem, on ne peut manquer de remarquer que l’enfant Jésus est entouré d’un père et d’une mère. Les Écritures nous disent aussi que dans leur foyer à Nazareth, Jésus « a grandi en âge, en sagesse et en faveur devant Dieu et devant les hommes ». Nous déduisons de cette scène qu’il n’y a rien de tel qu’une famille saine pour présider à l’éducation d’un enfant. Marie et Joseph représentent un modèle exceptionnel pour les familles. Pas étonnant donc que nous célébrions aujourd’hui la fête de la sainte famille.
La FAMILLE, c’est beau ! C’est aussi difficile parce que l’amour est difficile. Notre société accentue tellement la liberté individuelle, le plaisir sans barrière morale que nos contemporains ont souvent peur de s’engager dans une union fidèle et durable. Disons-le, le mariage fait peur ! Les belles fleurs ne poussent pas sur le roc des cœurs étourdis. Quand on jette Dieu par la fenêtre l’on perd aussi tout sens de direction et toute inspiration profonde ! Ah ! Homme si seulement tu savais aimer !
Regardons Joseph et Marie, et Jésus qui au milieu d’eux “grandit en âge, en sagesse et en grâce.” La famille est irremplaçable pour l’épanouissement de l’enfant. L’interaction sexuelle est trop noble pour qu’elle soit simplement un jeu, un amusement sans lendemain, une bagatelle pour rire.
Le regard posé sur Joseph et Marie, l’Eglise enseigne que pour créer une famille, l’homme et la femme doivent vraiment pourvoir s’aimer, comme le Christ a aimé l’Eglise et qu’ils doivent s’engager à la fidélité et à l’indissolubilité de leur lien.
Fuyons comme la peste les faux-semblants de l’amour. L’amour à bon marché empoisonne l’existence ! La porte étroite est celle qui débouche sur la cité de la joie et de la victoire. Vive l’amour authentique ! Les familles solides rendent la nations solides et prospères ! O Haiti ! découvre le sens de la famille !
MGr. Pierre Andre Pierre
JWAYE NWÈL – MÈS MINWI NWÈL 2021
Izayi 9, 1-6; Sòm 96; Tit 2, 11-14; Lik 2, 1-14
Ann ale Bètleyèm !
Monseyè Pierre André Pierre
Pwofèt Izayi di nou : “Pèp ki t ap mache nan fè nwa vi n wè yon bèl limyè. Moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo. Y ap kontan devan w, tankou moun ki kontan nan rekòt, tankou moun ki ranpòte laviktwa k ap danse.” (Izayi 9, 2-3).
Sen Pòl anseye Tit, disip li a: “Favè Bondye a parèt devan tout moun.” Tit 2,1.
Levanjil la mennen nou Bètleyèm. Timoun nan fèt. Nan moman sa a, yon jou fini, yon lòt jou leve. Nan nesans li, yon nouvo peryòd listwa kòmanse. Pawòl Bondye etènèl la antre nan tan lèzòm. Ansyen Testaman an disparèt pou fè plas pou yon nouvo kalite relasyon ant kreyati yo ak Kreyatè a.
Ann ale Bètleyèm! Apre Bèje yo, gadò mouton yo, fin tande zanj Granmèt la ki te anonse yo “Bòn Nouvèl la” ki di: “Nan vil David la yon sovè te fèt ki se Mesi ak Granmèt la”, youn t ap di lòt: “Ann ale Bètleyèm pou nou wè mèvèy sa a. Se yon bagay estwòdinè Granmèt voye fè nou konnen.” Lik 2,15.
Nan mès minwi, fidèl kretyen yo toupatou nan mond lan reponn envitasyon Bèje yo, gadò mouton yo: “Ann ale Bètleyèm”. “Bètleyèm” se tout legliz. Li kapab yon bazilik, yon katedral, yon legliz, yon chapèl, osinon tout lòt kote moun rasanble pou adore, kit li gwo, kit li piti. Se la y ap jwenn Tibebe a kouche nan krèch la. Ala yon mèvèy enteresan. Yon Tibebe ki rale yo tout.
Menm jan tou, vini lamès se vini Bètleyèm, vin rankontre Jezi. Nan toutbon sans mo a, non “Betleyèm” nan vle di “kay pen an”. Nan Levanjil Sen Jan, gen yon kote Jezi prezante tèt li kòm “pen vivan ki desann sot nan syèl la” (Jn 6,51). L ap bay kò li pou manje ak san li tankou bwason pou moun ka gen lavi etènèl, nètale. Nan Lekaristi a, li fè sa posib pou nou pataje kò li, Pen ki bay lavi a. Epi pandan li kouche nan krèch la, kote bèt yo konn manje a, Tibebe a an reyalite se “manje” li ye pou nanm nou.
Nan Nwèl sa a, pandan n ap tande apèl pou n monte Bètleyèm, “kay pen an”, ann mande tèt nou: Ki sa ki pen lavi a pou nou ? Ki sa pen lavi a ye pou mwen ? Kisa ki sitèlman enpòtan, mwen pa ta dwe manke nan lavi mwen? Eske se Jezi, oswa yon lòt bagay ? Epi, pandan n ap antre nan krèch la, nou wè Timoun ki fèk fèt la vini nan povrete. Anmenmtan nou santi gen yon lavi tounèf k ap boujonnen nan senplisite. An nou mande tèt nou: “Èske mwen reyèlman bezwen tout bagay materyèl sa yo ak resèt konplike pou viv, mwen mete nan lavi pa m? Jezi se pen lavi a, pou vwayaj lavi a. Li envite nou pou nou pa rete chita; men pou nou leve kanpe, mete tabliye nou. Li lè pou nou kòmanse sèvi. Kase pen. Bay tout lòt moun yo manje.
CHRISTMAS 2021 – MARRY CHRISTMAS
Is. 9, 1-6; Ps. 96; Titus 2, 11-14; Luke 2, 1-14
Let us go to Bethlehem !
Msgr. Pierre André Pierre
Prophet Isaiah tells us: “The people that walked in darkness have seen a great light. Upon those who dwelt in the land of gloom a light has shone. You have brought them abundant joy and great rejoicing, as they rejoice before you as at the harvest.” (Isaiah 9: 2-3)
Paul taught his disciple Titus: “The grace of God has appeared, saving all.” Tit 2,1.
The gospel leads us to Bethlehem. After the Shepherds heard the Angel of the Lord proclaiming to them the “Good News,” saying: “In the city of David a Savior was born who is the Messiah and the Lord,” they say to each other, “Let us go to Bethlehem to see this wonder that God has sent us.” Luke 2,15.
The Child was born at midnight the very moment when a day ends and another rises. At his birth a new period of history begins. The eternal Word of God enters time. The Old Testament vanishes to make room for a new type of relationship between the creature and the Creator.
Let’s go to Bethlehem. Faithful Christians from all over the world responded to the invitation of the shepherds. “Bethlehem” is the whole church. It can be a basilica, a cathedral, a church, a chapel, or any other gathering place, whether large or small. There they will find the baby lying in the manger. What an interesting miracle. A baby pulls them all.
Likewise, coming to Mass is coming to Bethlehem, to meet with Jesus. The name “Bethlehem” means “the house of bread.” In the Gospel of St John, Jesus presents himself as “the Living Bread that came down from heaven” (Jn 6:51). He gives his body for food and his blood as a drink for everlasting life. In the Eucharist, he makes it possible for us to share his body, the Bread of Life. And as he lays down in the manger, where the animals ate, the baby was actually “food” for our souls.
This Christmas, as we hear the call to go up to Bethlehem, the “house of bread,” let us ask ourselves: What is the bread of life for us? What is the bread of life for me? What’s so important, I shouldn’t miss in my life? Is it Jesus, or something else? And as we enter the manger, we see that the newborn child comes to us in poverty. At the same time, we feel that a new life is flourishing in simplicity. Let us ask ourselves: “Do I really need all these material things and intricate recipes to live my life? Jesus is the bread of life, for the journey of life. He invites us not to sit still; but to get up. Put on your apron. It’s time to start serving. Break the bread. Feed everyone else.
FÊTE NOËL 2021
Is. 9, 1-6; Ps 96; Tite 2, 11-14; Luc 2, 1-14
Allons à Bethléem !
De Mgr.Pierre André Pierre
Le prophète Isaïe nous dit : « Le peuple qui marchait dans les ténèbres a vu une grande lumière. Sur ceux qui habitaient le pays d’alentour, une lumière a resplendi. Tu leur as apporté une joie abondante, comme ils se réjouissent devant toi au temps de la récolte.” (Isaïe 9 : 2-3) St Paul enseigne à Tite : « La grâce de Dieu est apparue pour sauver tout le monde.» Tit 2,1.
L’évangile nous conduit à Bethléem. Après que les bergers eurent entendu l’Ange du Seigneur leur annoncer la « Bonne Nouvelle », que : « Dans la ville de David est né un Sauveur qui est le Messie », ils se disent l’un à l’autre : « Allons à Bethléem pour voir cette merveille que Dieu nous a envoyée. » Luc 2,15. L’Enfant est né à minuit au moment même où un jour se termine et où un autre se lève. A sa naissance commence une nouvelle période de l’histoire. La Parole éternelle de Dieu entre dans le temps. L’Ancien Testament s’évanouit pour faire place à un nouveau type de relation entre la créature et le Créateur.
Allons à Bethléem. Les fidèles du monde entier ont répondu à l’invitation des bergers. “Bethléem” est l’église. Il peut s’agir d’une basilique, d’une cathédrale, d’une église paroissiale, d’une chapelle ou de tout autre lieu de rassemblement, grand ou petit. Là, ils trouveront le bébé couché dans la crèche. Quel miracle intéressant. Un bébé les attire tous.
De même, venir à la messe, c’est venir à Bethléem, pour rencontrer Jésus. Le nom « Bethléem » signifie « la maison du pain ». Dans l’évangile de saint Jean, Jésus se présente comme « le Pain Vivant descendu du ciel » (Jn 6, 51). Il donne son corps en nourriture et son sang en boisson pour la vie éternelle. Dans l’Eucharistie, il nous fait partager son corps, le Pain de Vie. Pendant qu’il est couché dans la crèche, où les animaux mangeaient, le bébé était en fait la « nourriture » pour nos âmes.
Posons-nous la question : « Quel est le pain de vie pour moi ? » Qu’est-ce qui est si important que je ne devrais pas manquer dans ma vie ? Est-ce Jésus ou autre chose ? Ai-je vraiment besoin de toutes ces choses matérielles et de ces recettes complexes pour vivre ma vie ? Dans la crèche nous contemplons le nouveau-né dans sa pauvreté. On sent qu’une nouvelle vie s’épanouit dans la simplicité. Jésus est le pain pour le chemin. Il t’invite à ne pas rester assis. Lève-toi. Mets ton tablier. Il est temps de commencer à servir. Rompons le pain pour nourrir les autres. Noël aujourd’hui, c’est ta chance, l’heure de la grâce ! Le ciel te tend la main, un trésor t’est offert ! La tendresse de Dieu nous interpelle à rejeter les passions d’ici-bas pour vivre dans le monde présent en hommes raisonnables, justes et religieux et ainsi atteindre le Bonheur que nous espérons, car Il s’est donné pour nous, pour faire de nous son peuple, un peuple ardent à faire le bien. (Tite, 2, 11-14).
Pensée de la Semaine : Je ne sais pas ou va mon chemin mais je marche mieux quand ma main serre la Tienne.
Alfred de Musset
Panse nan Semèn nan: Mwen pa konnen ki kote chemen mwen prale men mwen mache pi byen lè men mwen peze pa w la.
Alfred de Musset
Thought of the Week: I don’t know where my path is going but I walk better when my hand squeezes yours.
Alfred de Musset
Pensamiento de la semana: No sé hacia dónde va mi camino, pero camino mejor cuando mi mano aprieta la tuya.
Alfred de Musset
BÒN FÈT – BON ANIVÈSÈ
BILTEN SOLIDARITE ANLIY
Lide yon bilten pou Ayisyen ki nan dyaspora a jèmen e li rive reyalize depi nan kòmansman sa ki ta pral vin tounen Kominote Ayisyen Ozetazini. Nan ane 1970 yo, avèk Pè Sentespri yo nan Brooklyn, jounal “SEL” te jwe yon wòl pyonye nan prepare wout la. Bilten Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an vin pran plas. Se te yon travay titan pou prezante enfòmasyon, ekri, konpile ak prepare atik regilye twa fwa oswa kat fwa pandan ane a sou sijè ki enterese kominote a.
Devlopman nan teknoloji vin ofri nouvo posiblite nan kominikasyon sou entènèt, sa ki pèmèt difizyon rapid nan enfòmasyon ak kominikasyon. Kidonk nan kòmansman ane 2000 yo, Direksyon Apostola Ayisyen an te pran an konsiderasyon avansman teknolojik sa yo pou adapte yo ak yon nouvo fòm sèvis bay kominote nou yo.
Travay sa te kòmanse timidman nan ane 2002, an paralèl ak ansyen fòma Bilten Apostola a te konn prepare chak Trimès pou voye nan lapòs. Entansyon nouvo Bilten Anliy sa a se te bay pèp ayisyen nou an yon piblikasyon chak semèn ak objektif pou pwodui refleksyon relijye, kolekte nouvèl lokal ak entènasyonal, epi bati inite nan kominote nou an. Bilten an se sitou yon enstriman evanjelizasyon. Mo rasanbleman an se te deviz nasyonal nou an “Linyon fè lafòs.” Inite nan lanmou se yon fòs levanjil la. Nan misyon kolektif sa a n ap fè ansanm nan Apostola Ayisyen an, Bilten Solidarite Anliy nan pèmèt nou rete an kontak pèmanan ak divès kominote dyaspora a epi ak Ayiti.
Okòmansman li te parèt nan yon fòma de paj epi yo te distribye li bay kèk douzèn lektè. Kounye a, Bilten an rive sou Di Mil moun ki resevwa li regilyèman e dirèkteman sou Entènèt. Li rive ann Ayiti, Okanada, ann Ewòp e menm an Risi ak nan peuy Japon, peyi kote solèy la leve. Ayisyen toupatou kapab kenbe kontak avèk nou, poze kesyon epi fè kòmantè yo.
Bilten an fè inovasyon tou nan domèn kilti ak sosyete, edikasyon, sante, ak pwomosyon jèn. Li òganize pwogram peryodik sou entènèt ak Jèn Ayisyen ki soti toupatou nan mond lan. Li mete sou pye konpetisyon literè pou ankouraje yo. Li idantifye e li mete aksan sou asosyasyon sosyo-pwofesyonèl konpatriyòt nou yo Ozetazini ak lòt kote (enjenyè, doktè, pwofesè, enfimyè, majistra, avoka, elatriye). Li fè talkshow ak Ayisyen ki travay byen epi ki reyisi, pou prezante yo kòm modèl bay nouvo jenerasyon an. Li mete aksan sou prezans kèk moun ki trè senp, men ki remakab pou sèvis yo bay kominote a.
Vin jwenn ak Radyo Télé Solidarité, Bilten Solidarite sou Entènèt la fè pwomosyon valè fondamantal Levanjil la, ak valè pwomosyon moun, nan sèvis, inite ak solidarite.
Nan selebrasyon diznevyèm anivèsè sa a, mwen pran plezi pou m felisite ekip Bilten Solidarite Anliy nou an, ki bay Apostola Ayisyen an yon sèvis ki gen anpil valè. Pou travay li akonpli, “Magnificat! Nanm mwen beni Beni non Bondye. Mwen fè konpliman pou Granmèt ! ” Anmenm tan, mwen ankouraje yo pou yo vanse pou pi devan, epi chèche ale pi lwen, pi wo. Se pou limyè Jezi a toujou enspire yo. Se pou favè Bondye a fòtifye yo!
POTE ANPIL FWI !
BÒN DIZNEVÈM ANNIVÈSÈ POU JOUNAL SOLIDARITE ANLIY.
HAPPY ANNIVERSARY
Nineteenth Anniversary of our Newsletter
WEEKLY BULLETIN SOLIDARITE ONLINE NEWSLETTER
The idea of a Newsletter for Haitians in the Diaspora germinated and came to fruition from the very beginning of what would become the Haitian Community of the United States. In the 1970s, around the Fathers of the Holy Spirit in Brooklyn, the magazine “SEL” played a pioneering role in paving the way. The Bulletin of the National Center of the Haitian Apostolate took over. It was a titanic job of presenting information, writing, compiling and preparing regular feature articles three or four times during the year on topics of interest to the community.
Developments in technology have offered new possibilities with online communication, allowing rapid dissemination of information and communication. Thus in the early 2000s, the Executive of the Haitian Apostolate took into account these technological advances to adapt to a new form of service to our communities.
The adventure began timidly in the year 2002, in parallel with the old format of the Quarterly Bulletin. The intention was to provide our Haitian people with a weekly publication with the objective of producing religious reflections, collecting local and international news and building up the unity of our community. The Bulletin is above all an instrument of evangelization. The rallying word was from our national motto “Unity is strength.” Unity in love is also a strength of the gospel. In this collective mission, the Online Solidarity Bulletin allows us to stay in permanent contact with the various communities of the diaspora and of Haiti.
Originally presented in a two-page format and distributed to a few dozen readers, the Bulletin now reaches over Ten Thousand people who receive it regularly and directly online. It is read in Haiti, Canada, Europe and many more countries, yet even Russia or Japan, the land of the rising sun. Haitians everywhere join us with their questions and comments.
The Bulletin also makes innovations in culture and society, education, health, and youth promotion. It organizes periodic online programs with young Haitians from all over the world and literary competitions to stimulate them. It identifies and highlights the socio-professional associations of our compatriots in the United States and elsewhere (engineers, doctors, professors, nurses, magistrates, lawyers, etc.) and exposes them to the community. It conducts talk shows with famous Haitians, presented as models to the new generation. It also highlights the presence of very simple individuals who are remarkable for the service they provide to the community.
Dubbed with Radio Télé Solidarité, the online Solidarity Bulletin promotes the fundamental values of the Gospel, and those of human promotion, in service, unity and solidarity.
In celebration of this Nineteenth Anniversary, I take pleasure in congratulating the team of our Bulletin Solidarity Online which provides invaluable service to the Haitian Apostolate. For the work accomplished, “Magnificat! Bless the Lord, O My soul! ” At the same time, I encourage them to move forward and contemplate new heights. May the light of Jesus always inspire them and the grace of God strengthen them! FRUCTIFICAT!
HAPPY NINETEENTH ANNIVERSARY
THE NEWSLETTER “BULLETIN SOLIDARITY ONLINE”
BON ANNIVERSAIRE – BULLETIN SOLIDARITE
L’idée d’un Bulletin d’information pour les Haïtiens de la diaspora a germé et s’est concrétisée dès le début de ce qui allait devenir la Communauté Haïtienne des Etats-Unis. Dans les années 1970, autour des Pères du Saint Esprit, la revue « SEL » a joué un rôle de pionnier en ouvrant la voie. Le Bulletin du Centre National de l’Apostolat Haïtien a pris le relais. C’était un travail de titan qui consistait à présenter des informations, à rédiger, compiler et préparer régulièrement trois ou quatre fois durant l’année des articles de fond traitant des sujets d’intérêt à l’adresse de la communauté.
L’évolution de la technologie a offert des possibilités nouvelles avec la communication en ligne, permettant une rapide diffusion de l’information et de la communication. Ainsi au début des années 2000, la Direction de l’Apostolat Haïtien a pris en compte ces avancées technologiques pour s’adapter à une nouvelle forme de service à nos communautés.
L’aventure a commencé timidement en l’année 2002, de façon parallèle avec l’ancienne formule du Bulletin trimestriel. L’intention était d’offrir à notre population Haïtienne une publication hebdomadaire dont l’objectif serait de produire des réflexions religieuses, de collecter des nouvelles locales et internationales et de construire l’unité de notre communauté. Il est avant tout un instrument d’évangélisation. Le mot de ralliement était notre devise nationale « L’Union fait la force. » L’unité dans l’amour est aussi un point fort de l’Evangile. Dans cette mission est collective, le Bulletin Solidarité en Ligne nous permet de rester en contact permanent avec les différentes communautés de la diaspora et d’Haiti.
Présenté au départ dans un format de deux pages et distribué à quelques dizaines de lecteurs, le Bulletin atteint aujourd’hui plus de Dix Mille personnes qui le reçoivent en ligne régulièrement et directement. Il est lu en Haiti, au Canada, en Europe et même au Japon, au pays du soleil levant. Les Haïtiens de partout nous rejoignent avec leurs questions et leurs commentaires.
Le Bulletin fait aussi des innovations au niveau de la culture et société, de l’éducation, de la santé, de la promotion de la jeunesse. Il organise des émissions périodiques en ligne avec des Jeunes Haïtiens de toute la planète et des concours littéraires pour les stimuler. Il identifie et met en exergue les associations socio-professionnelles de nos compatriotes aux Etats-Unis et ailleurs (ingénieurs, médecins, professeurs, infirmières, magistrats, avocats, etc.). Il réalise des entrevues (talkshows) avec des Haïtiens/nes célèbres, présentés comme des modèles à la nouvelle génération. Il souligne aussi la présence de personnages très simples mais remarquables par les services qu’ils rendent à la communauté.
Doublé de Radio Télé Solidarité, le Bulletin Solidarité online fait la promotion des valeurs fondamentales de l’Evangile, et celles de la promotion humaine, dans le service, l’unité et la solidarité.
En la célébration de ce Dix-neuvième anniversaire, je prends plaisir à féliciter l’équipe du Bulletin Solidarité Online qui fournit un service inestimable à l’Apostolat Haïtien. Pour l’œuvre accomplie, « Magnificat ! Bénis le Seigneur, O Mon âme ! » Je les encourage en même temps à aller de l’avant et à contempler de nouveaux sommets. Puisse la lumière de Jésus toujours les inspirer et la grâce de Dieu les fortifier ! FRUCTIFICAT !
JOYEUX DIX-NEUVIÈME ANNIVERSAIRE AU BULLETIN SOLIDARITE EN LIGNE.
Femme de l’Année 2021
L’écrivaine et Poétesse Valérie Armand
L’année 2021 touche à sa fin : Année de pandémie, année de survie. C’est une année très difficile pour nous de la diaspora et pour notre peuple en Haiti. Que de départs d’êtres chers pour l’au-delà ! dont notre regretté Evêque Guy Sansaricq parti sur la pointe des pieds le Samedi 21 Aout ! Quelle situation lamentable pour notre pays ! Mais le Centre National de l’Apostolat Haïtien sur le leadership de Monseigneur Pierre André Pierre comme Directeur Exécutif continue d’avancer et de fonctionner.
Chaque fin d’année, nous choisissons toujours au bulletin hebdomadaire du Centre National de l’Apostolat Haïtien une personne de l’année. Notre choix s’est portée cette année sur l’écrivaine et poétesse Valérie Armand comme la femme de l’Année 2021 du Bulletin Hebdomadaire du Centre National de l’Apostolat Haïtien.
L’essayiste et Poétesse Valérie est la première fille du regretté artiste peintre Gesner Armand, l’un des fils les plus illustres de la Croix-des-Bouquets, et de Marlène Armand, professeure de formation, de foi catholique et très spirituelle.
Valérie est issue d’une famille catholique de plusieurs générations. Elle a fait ses études primaires et secondaires chez les Sœurs de Sainte Rose de Lima à Lalue (Port-au-Prince) et ses études universitaires à l’Université Columbia de New-York où elle a obtenu une Maîtrise en Littérature Française et en Philologie Romaine. Polyglotte, douée de plusieurs qualités, professeure d’université et femme de prière et de foi, Valérie relie bien sa science et sa foi Catholique.
Respectueuse et respectée dans sa communauté de Floride où elle vit actuellement, Valérie est une jeune écrivaine à la personnalité forte qui est comptée parmi les ambassadrices de sa ville natale de Croix-des-Bouquets (qui célèbre son 340ème Anniversaire dans moins de 2 ans). Valérie a déjà publié un texte sur la Croix-Des- Bouquets au journal en ligne du Bulletin hebdomadaire du Centre National de l’Apostolat Haïtien, posté aussi sur le site de la Paroisse Notre Dame Du Rosaire de la Croix-des-Bouquets : http://pawaspititmanmanroze-cdb.com/croix-des-bouquets-de-valerie-armand/
Elle vient juste de publier un texte sur la Noël au bulletin Hebdomadaire du Centre National de l’Apostolat. Vous pouvez cliquer sur ce lien pour lire son texte : http://pawaspititmanmanroze-cdb.com/noel-2021-valerie-armand/
L’écrivaine Valérie est très proche de son pays Natal Haiti. Elle nous aide à prendre conscience de la vie sociopolitique d’Haïti dont elle entend nous rapprocher par sa poésie. Valérie, cette étoile féminine haïtienne, dotée d’une sensibilité étonnante, de grandes relations humaines, toujours prête à aider un ou une amie en difficulté, nous invite à partager sa joie, ses souvenirs, son grand amour pour sa terre natale Haïti.
Permettez-moi de paraphraser le Regretté Evêque Guy Sansaricq qui aavait félicité l’essayiste et poétesse Valérie en ces mots :
Chère Madame Valérie :
Mes félicitations pour votre amour des idéaux élevés que vous exprimez dans vos écrits. Les hommes et les femmes de lettres sont précieux à toutes communautés. Ils vont briller de façon durable par leurs écrits, qui apportent des leçons et des directives essentielles à la noblesse des peuples, enseignements qui trop souvent restent inexprimés par les discours et les menus écrits de tous les jours.
Que le Seigneur vous garde pour que toujours grandisse en vous cette passion pour la vérité, la justice et la beauté ! Que ceux qui lisent vos textes partagent vos sentiments !
Monseigneur Pierre André Pierre présente ses sincères félicitations à la Femme de l’Année du Centre National de l’Apostolat Haïtien en ces mots. « La percée et la réussite de cette jeune Haïtienne est un signe de fierté pour toutes nos communautés et pour tout haïtien. Mais au-delà de l’admiration que l’on peut éprouver pour l’œuvre de Valérie, il y a surtout la question de l’appropriation de l’idéal de beauté et de vérité qu’elle incarne. Rien de plus fort que la simplicité et l’humilité pour inspirer une telle noblesse. Toutes mes félicitations à Madame Valérie Armand élevée aujourd’hui à la dignité de ‘Femme de l’Année.’ Que le Seigneur donne à Valérie la grâce de toujours garder en elle la force qui vient d’ailleurs et la clarté du regard, pour continuer à articuler pour notre monde le dialogue entre la foi et la science. »
Monseigneur Pierre André Pierre en communion avec le personnel du bulletin Hebdomadaire du Centre National de l’Apostolat Haïtien demande au peuple de Dieu d’acclamer l’écrivaine Valérie Armand, la femme de l’Année 2021 du Centre National de l’Apostolat Haïtien.
Brother Tob
Premye Fanm pou Ane 2021
Ekriven ak powèt Valérie Armand
Ane 2021 la ap fini: Ane pandemi, ane siviv. Se te yon ane trè difisil pou nou nan dyaspora a ak pou pèp nou an ann Ayiti. Se konsa, anpil nan moun nou renmen yo pati kite nou! Ladan yo Evèk nou an Guy Sansaricq ki te ale san di nou orevwa samdi 21 out la! Ala yon sitiyasyon deplorab pou peyi nou an tou, mezanmi ! Men, Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an sou lidèchip Monseyè Pierre André Pierre kòm Direktè Egzekitif kontinye vanse epi ap fonksyone.
Chak fen ane a, nou toujou chwazi yon moun kòm premye pèsonaj ane a pou Bilten chak semèn San Nasyonal Apostola Ayisyen an. Chwa nou ane sa a te tonbe sou ekriven ak powèt Valérie Armand kòm Premye Fanm Ane 2021 pou Bilten Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an.
Ekriven ak powèt Valérie se premye pitit fi defen pent Gesner Armand, youn nan pitit gason yo ki pi ilis nan Kwadèboukè, ak Marlène Armand. Li se yon pwofesè dapre fòmasyon li. Se yon moun tou ki deklare lafwa Katolik li e kip a kache espirityalite li.
Valérie soti nan yon fanmi katolik ki gen plizyè jenerasyon. Li te fè etid primè ak segondè li kay Sè Saint Rose de Lima nan Lalue (Pòtoprens). Li fè etid inivèsite li nan Columbia University nan New York kote li te pran yon Master nan Literati franse ak Filoloji. Li pale anpil lang. Li gen plizyè lòt kalite toujou. Pwofesè inivèsite ak moun lapriyè ak lafwa, Valérie byen konekte syans li ak lafwa katolik li.
Li gen respè pou moun, epi yo ba li respè tou nan kominote li nan Florid, kote l ap viv kounye a. Valérie se yon jèn ekriven ak yon pèsonalite fò. Se youn nan anbasadè vil natal li KwadèBoukè (ki ap selebre 340yèm anivèsè li nan mwens pase 2 zan). Valérie deja pibliye yon tèks sou Kwadèboukè nan jounal sou entènèt Bilten chak semèn Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an, ki afiche tou sou sit entènèt Pawas NotreDam wozè Kwadèboukè: http://pawaspititmanmanroze-cdb.com/croix-des-bouquets-de-valerie-armand/
Li fèk pibliye yon tèks sou Nwèl nan Bilten chak semèn Sant Apostola Nasyonal la. Ou ka klike sou lyen sa a pou w li tèks li a: http://pawaspititmanmanroze-cdb.com/noel-2021-valerie-armand/
Ekriven Valérie rete tout tan an koneksyon avèk Ayiti peyi natif natal li, e sitou avèk Kwadèboukè, vil kote li te fèt la. Li ede nou pran konsyans de lavi sosyo-politik Ayiti. Lide li se sèvi ak powezi li pou li rapwoche nou bò kote peyi li. Valérie, se yon zetwal filant. Li gen yon sansibilite ki etone tout moun. Epi kote li pase li kite yon mak. Li gen bon relasyon imen ak tout moun. Li toujou pare pou ede yon zanmi ki nan difikilte. Li envite nou pataje lajwa li, souvni li, gwo lanmou li pou peyi natif natal li Ayiti.
Kite m parafraze defen Evèk Guy Sansaricq ki te felisite ekriven ak powèt Valérie nan pawòl sa yo:
Chè Madam Valérie:
Felisitasyon mwen pou lanmou ou genyen pou gwo ideyal ou eksprime nan ekri ou yo. Gason ak fanm ki fè metye ekriven, yo presye pou tout kominote yo. Yo pral klere nan yon fason dirab atravè ekriti yo, ki bay leson ak direktiv esansyèl pou grandè yon pèp. Ansèyman sa yo twò souvan moun pa esprime yo nan diskou ak ekriti kap fèt chak jou.
Se pou Granmèt la kenbe w nan pasyon sa a ou genyen pou laverite, lajistis ak bèlte a. Pou valè sa yo toujou grandi nan ou! Se pou moun ki li tèks ou yo pataje santiman ou!
Nan pawòl sa yo, Monseyè Pierre André Pierre bay Premye Fanm Ane Sant Nasyonal Apostola Ayisyen Madam Valerie Armand felisitasyon pa li. “Dekouvèt ak siksè jèn ayisyen sa a se yon siy fyète pou tout kominote nou yo ak pou tout Ayisyen. Men, pi lwen pase admirasyon yon moun ka santi pou travay Valérie a, gen sitou kesyon apwopyasyon an nan ideyal, kote labote ak laverite makonnen. Pa gen anyen ki pi fò pase senplisite ak imilite pou enspire noblès sa yo. Felisitasyon ak konpliman pour Valérie Armand. Jodia, Bilten Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an leve w byen wo nan diyite ‘Premye Fanm Ane 2021 an.’ Se pou Granmèt la fè w favè pou w toujou kenbe fòs sa a li mete nan ou, e ki enspire ou, ki klere ou. Toujou kontinye atikile pou tout monn dyalòg sa a ant lasyans ak lafwa.”
Monseyè Pierre André Pierre nan kominyon ak estaf Bilten Semenn Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an mande pèp Bondye a pou l aklame ekriven Valérie Armand, Premye Fanm Ane 2021 pou Bilten Solidarite Anly San Nasyonal Apostola Ayisyen an.
Frè Tob
Woman of the Year 2021
Writer and Poetess Valérie Armand
The year 2021 is drawing to a close: Year of pandemic, year of survival. It is a very difficult year for us in the diaspora and for our people in Haiti. So many departures of loved ones for the hereafter! including our late Bishop Guy Sansaricq who tiptoed away on Saturday August 21! What a lamentable situation for our country! But the National Center of the Haitian Apostolate on the leadership of Monsignor Pierre André Pierre as Executive Director continues to move forward and operate.
Each end of the year, we always choose a person of the year from the weekly bulletin of the National Center for the Haitian Apostolate. Our choice this year fell on the writer and poet Valérie Armand as the Woman of the Year 2021 of the Weekly Bulletin of the National Center of the Haitian Apostolate.
The essayist and Poetess Valérie is the first daughter of the late painter Gesner Armand, one of the most illustrious sons of the Croix-des-Bouquets, and of Marlène Armand, a teacher by training, of the Catholic faith and very spiritual.
Valérie comes from a Catholic family of several generations. She did her primary and secondary studies with the Sisters of Saint Rose of Lima in Lalue (Port-au-Prince) and her university studies at Columbia University in New York where she obtained a Masters in French Literature and Philology. Roman. Polyglot, endowed with several qualities, university professor and woman of prayer and faith, Valérie connects her science and her Catholic faith well.
Respectful and respected in her Florida community where she currently lives, Valérie is a young writer with a strong personality who is counted among the ambassadors of her hometown of Croix-des-Bouquets (which is celebrating its 340th Anniversary in less than 2 years) . Valérie has already published a text on Croix-Des-Bouquets in the online journal of the Weekly Bulletin of the National Center for the Haitian Apostolate, also posted on the website of the Parish of Notre Dame Du Rosaire de la Croix-des-Bouquets: http : //pawaspititmanmanroze-cdb.com/croix-des-bouquets-de-valerie-armand/
She just published a text about Christmas in the Weekly Bulletin of the National Apostolate Center. You can click on this link to read his text: http://pawaspititmanmanroze-cdb.com/noel-2021-valerie-armand/
Writer Valérie is very close to her native Haiti. She helps us become aware of the socio-political life of Haiti, to which she intends to bring us closer through her poetry. Valérie, this Haitian female star, endowed with an astonishing sensitivity, great human relationships, always ready to help a friend in difficulty, invites us to share her joy, her memories, her great love for her native land Haiti.
Allow me to paraphrase the Regret Bishop Guy Sansaricq who congratulated the essayist and poet Valérie in these words:
Dear Madame Valérie:
My congratulations on your love of the lofty ideals you express in your writing. Men and women of letters are precious to all communities. Through their writings, they will shine in a lasting way that provide lessons and directives essential to the nobility of peoples, teachings which too often remain unexpressed by the speeches and small writings of every day.
May the Lord keep you so that this passion for truth, justice and beauty will always grow in you! May those who read your texts share your feelings!
Monsignor Pierre André Pierre presents his sincere congratulations to the Woman of the Year of the National Center for the Haitian Apostolate in these words. “The breakthrough and success of this young Haitian is a sign of pride for all our communities and for all Haitians. But beyond the admiration that one can feel for Valérie’s work, there is above all the question of the appropriation of the ideal of beauty and of truth that she embodies. Nothing stronger than simplicity and humility to inspire such nobility. All my congratulations to Madame Valérie Armand raised today to the dignity of ‘Woman of the Year.’ May the Lord give Valérie the grace to always keep within her the strength that comes from elsewhere and the clarity of her gaze, to continue to articulate for our world the dialogue between faith and science. ”
Monsignor Pierre André Pierre in communion with the staff of the Weekly Bulletin of the National Center of the Haitian Apostolate asks the people of God to acclaim the writer Valérie Armand, the Woman of the Year 2021 of the National Center of the Haitian Apostolate.
Brother Tob
Mme Elda Cantave Romulus-Joyeux Noel 2021 et Heureuse Année 2022
Chers Amis et Amies ,Joyeux Noel 2021 et Heureuse Année 2022
L’année 2021 est une année très difficile avec la pandemie du Covid 19 et les Cataclismes naturels tels que le tremblement de Terre en Haiti du 14 Aout 2021, la veuille de la fête de Notre Dame de l’assomption et l’ouragan Elsa qui a frappé Haiti au debut de l’Eté 2021.
Oui nous continuons à pleurer le depart des parents , des amis et le regretté Père Guy Chrispin , l’ancien Curé de la Paroisse Notre Dame du Rosaire qui est retourné à la maison du Père le 10 Juin dernier , LE regretté Evêque Guy Sansaricq, le 21 Aout dernier . Avec les yeux de la foi nous savons qu’ils sont tous à la maison du Père. Le Regretté Père Guy Chrispin a deja 6 mois depuis qu’il nous a laissé. Le Père Geto l’a succeedé et le Gwoup Pitit Manman Wozè continue son ministère qui consiste à supporter sa paroisse et mettre ensemble tous les fils et filles de la Croix-Des-Bouquets . Nous sentons la presence de Marie la divine mère de notre Église au sein du Gwoup Pitit Manman Wozè de la Diapora.
Malgré tous ces problèmes et difficultés Le Seigneur nous a fait cette grâce de celebrer une autre Fête de
Noel ou la naissance du petit Jesus qui s’est fait homme pour nous liberer du peché , des injustices et des exploitations de toutes sortes
. Rappelons que Manman Mari qui est la Mère de Notre Seigneur Jésus Christ. Elle est aussi Notre Mère et Notre Modèle au service de l’Eglise et du Peuple de Dieu. Marie en tant que Notre Mère et Notre Modèle n’a jamais cessé de dire “Oui” à Dieu depuis l’Annonce de l’Ange Gabriel (Luc 1:26-38). En effet, son “Oui” à Dieu pour devenir la Mère de Son Fils l’a conduit a s’engager dadvantage dans la vigne du Seigneur tels que: + sa visite à sa cousine Elisabeth, pour aller lui annoncer non seulement la Bonne Nouvelle qu’elle a reçu de l”Ange Gabriel, mais aussi pour se mettre au service de sa cousine (Luc 1:39-45). + Son départ en Egypte, lorsque le Roi Hérode cherchait à tuer Son Enfant Jésus qui venait de naître (Mt 2:13-18). + Sa présence et l’Expression de sa Foi à Cana en Galilée lors d’un Mariage ou Son Fils Jésus allait opérer Son Premier Miracle (Jn 2 1-12). + Quand elle allait a la recherche de Son Fils Jésus qui était resté dans le Temple à Jérusalem, lors d’un Pèlerinage Annuel (Luc 2:41-45). + Sa présence au Calvaire, au pied de la Croix, avant la mort de Son Fils, lorsque Jésus Lui-même nous a donné Sa Mère pour être Notre Mère (Jn 19:25-27).
Frè Ak Sè nou yo Bon Fèt Nwel, Nou kontan malgré dificulté nou kapab la pou yon lot fèt Nwel Ti kozé sayo ke nou sòt fè sou Manman Mari ka fe nou konprann pibyen ki Moun Manman Mari yè e kouman Li te ranpli Misyon l lè li te di Bondye “Wi”.
Nou menm ki se “ Pitit Manman Mari” kòm nou kònn dil, Misyon nou se pou nou mande Bondye lagras pou nou toujou fidèl nan Sèvis LI,nan swiv chemen Manman Mari ki te toujou fè volonte Bondye ki te mérite monte nan Syèl jou Asonpsyon Li. Manman Mari montre nou ke Li te bay Bondye Papa a tout Lavi Li ak tout Konkou l pou Travay Jezikri Pitit Li te vinn fè a te ka reyalizè. Nou menm kap viv nan Tan jodia nap gen poun fe tout sa nou kapab tou nan fè volonté Bondye. E lè nou di ke “ NOU se Legliz e Legliz se nou” nap gen pou nou fè tout sa nou kapab pou nou rété fidèl nan Misyon nou tankou Manman Mari pou nou ka mèritè alè nan Syèl la.
An atandan, map swété nou tout yon Bònn Fèt Nwèl. Se pou Jezikri Pitit Manman Mari a ki te deja vini e ki gen poul retounen an, se pou l prezan avèk nou nan Fèt Nwel Anè sa a. Se pou l fè nou fè anpil pwogrè nan tout bagay nan Ane 2022 a ak tout lot Anè kap vini yo, pou l fè nou toujou paré pou nou ka byen akèyil Lèli retounen…
Clicquer sur ce lien pour ecouter mon message
Marie Elda Cantave Romulus
Mrs Elda Cantave Romulus-Merry Christmas 2021 and Happy New Year 2022
Dear Friends, Merry Christmas 2021 and Happy New Year 2022
The year 2021 is a very difficult year with the Covid 19 pandemic and natural cataclysms such as the earthquake in Haiti of August 14, 2021, the eve of the feast of Our Lady of the Assumption and hurricane Elsa which struck Haiti in early summer 2021.
Yes we continue to mourn the departure of parents, friends and the late Father Guy Chrispin, the former Pastor of Our lady Rosary of Croix-des-Bouquets who returned to the Father’s house on June 10, THE late Bishop Guy Sansaricq, on August 21 , 2021. With the eyes of faith we know that they are all at the Father’s house. The Late Father Guy Chrispin has already 6 months since he left us. Father Geto succeeded and Gwoup Pitit Manman Wozè continues his ministry which consists in supporting its parish and bringing together all the sons and daughters of Croix-Des-Bouquets. We feel the presence of Mary the divine mother of our Church within the Gwoup Pitit Manman Wozè de la Diapora.
Despite all these problems and difficulties The Lord has given us the grace to celebrate another Feast of Christmas or the birth of little Jesus who became man to free us from sin, injustices and exploitations of all kinds
. Il is important to remind that Manman Mari who is the Mother of Our Lord Jesus Christ. She is also Our Mother and Our Model at the service of the Church and of the People of God. Mary as Our Mother and Model has never ceased to say “Yes” to God since the Announcement of the Angel Gabriel (Luke 1: 26-38). Indeed, her “Yes” to God to become the Mother of His Son led her to become more involved in the Lord’s vineyard such as: + his visit to her cousin Elisabeth, and tell her it is not only the Good News that she received from the Angel Gabriel, but also to put herself at the service of her cousin (Luke 1: 39-45). + Her departure to Egypt, when King Herod sought to kill Her newly born Child Jesus (Mt 2: 13-18). + Her presence and the Expression of his Faith in Cana in Galilee during a Marriage where Her Son Jesus was going to operate His First Miracle (Jn 2 1-12). + I have to add when she went in search of Her Son Jesus who had remained in the Temple in Jerusalem, during an Annual Pilgrimage (Luke 2: 41-45). + Her presence at Calvary, at the foot of the Cross, before the death of Her Son, when Jesus Himself gave us His Mother to be Our Mother (Jn 19: 25-27).
Frè Ak Sè nou yo Bon Fèt Nwel, Nou kontan malgre problem nou kapab la pou yon lot fèt Nwel Ti kozé sayo ke nou sòt fè sou Manman Mari ka fe nou konprann pibyen ki Moun Manman Mari yè e kouman Li te ran lipli Misyon te di Bondye “Wi”.
Nou menm ki se “Pitit Manman Mari” kòm nou kònn dil, Misyon nou se pou nou mande Bondye lagras pou nou toujou fidèl nan Sèvis LI, nan swiv chemen Manman Mari ki te toujou fè volonte Bondye ki monte nan Syèl jou Asonpsyon Li Manman Mari montre nou ke Li te bay Bondye Papa a tout Lavi Li ak Tout Konkou l pou Travay Jezikri Pitit Li te vinn fè a te ka reyalizè. Nou menm kap viv nan Tan jodia nap gen poun fe tou tou sa nou kapab tou nan fè volonte Bondye. E lè nou di ke “NOU se Legliz e Legliz se nou” nap gen pou nou fè all his nou kapab for our faithfulness nan Misyon nou tankou Manman Mari pou nou ka meritè alè nan Syèl la.
An atandan, map swété nou tout yon Bònn Fèt Nwèl. Se pou Jezikri Pitit Manman Mari a ki te deja vini e ki gen poul retounen an, se pou l prezan avèk nou nan Fèt Nwel Anè sa a. Se pou l fè nou fè anpil pwogrè nan tout bagay nan Ane 2022 a ak tout lot Anè kap vini yo, pou l fè nou always ready pou nou ka byen akèyil Lèli retounen…
Click on this link to listen to my message
Marie Elda Cantave Romulus
Joyeux Anniversaire Sr Elvire.
|
December 26, 2021 is the 90th Birthday of Mrs. Elvire Othello, former student of the Pastoral College and member of the office of the National Center of the Haitian Apostolate. Elvire is one of the former students of the Pastoral College who renders a great service to the Office of the National Center of the Apostolate as a volunteer. The late French President Francois Mitterand (statesman, President (1916-1996) wrote: “On the site of these values, no volunteer is too much in these daily struggles demanded for the causes of freedom, equality, fraternity,”
Sr Elvire is originally from Port-au-Prince-Haiti. She spent her childhood in Gonaives known as the City of the Independence. She has been in the United States for 47 years and has worked as an ESL professor.
Elvire is always smiling. She is very spiritual and is a member of the Legion of Mary. Her 91th birthday is another day of grace for her. We read in Psalm 90:10 The Days of our years amount to seventy years and, for the more robust, to eighty years. So Sr. Elvira is among the strong ones.
Mgr Pierre Andre Pierre wishes Mrs. Othello a Happy Birthday in these words:
Beloved Elvire, we join you in giving thanks to God for your long life and the many blessings He has poured upon you. We trust that he will continue to keep his eyes of mercy upon you until the end of your earthly Pilgrimage. In the Most Holy Name of Jesus, I bless you with much fervor and love!
We ask the People of God to Pray for Mrs. Othello on this very special Day.
Brother Tob
Révérend Père Wismick Jean-Charles, SMM
Très cher ami,
En cette fin d’année, je viens te dire mes vœux de paix, de joie, de bonheur et d’un fructueux ministère au Conseil Général des Montfortains. Continue de fleurir et de produire là où le Seigneur t’a planté, selon ses desseins insondables.
Je viens te dire aussi ma gratitude pour le service immense que tu as rendu à nos communautés de l’Apostolat Haïtien par la retraite de 3 jours que tu as animée pour nous depuis Rome, la Ville éternelle. Tes présentations coulaient de source et apportaient une bonne nourriture spirituelle à notre peuple qui cherche Dieu et la vie. Merci d’avoir répondu à notre attente. C’est une contribution remarquable à l’Apostolat.
Je t’en suis éternellement reconnaissant. Que le Seigneur te donne la santé et qu’il te garde toujours heureux. Puisse Marie toujours veiller sur toi et t’inspirer. Merci de ton amitié et de ta genereuse Collaboration .
Bien fraternellement in Christo ,
Mgr André
1er Jour:
2ème Jour: https://youtu.be/bCKe8pDvjbM
3ème Jours : https://youtu.be/cxDvjCOMF5M
Voeux de Noel 2021 de certains Leaders Spirituels de la Pastorale Haitienne:
Proverbes
- Bèl pawòl pa vle di verite pou sa
- Se jou babye ou konnen pawòl kache
- Rete trankil se remèd kò
- Fè tripotay se metye sal
- Joumou pa donnen kalbas